Dènye Prèch la

O moun!
Koute pawòl mwen byen.
Mwen pa konnen, petèt apre ane sa a mwen pap ka rankontre nou ankò isit la pou tout tan.
O Moun!
Jan jou Arefe a se yon jou sakre, jan mwa Zilhidjè a se yon mwa sakre, jan vil Mek la se yon vil beni; se konsa lavi nou, byen nou, onè nou tou se sakre, yo an sekirite kont tout kalite atak.
Zanmi mwen yo!
Demen n ap rankontre ak Seyè nou, epi n ap reponn pou tout aksyon ak konpòtman nou jodi a. Pa tounen nan erè ansyen yo apre mwen, pa touye youn lòt. Moun ki la a, fè konnen sa ak moun ki pa la yo. Petèt moun ki resevwa mesaj la ka konprann li pi byen pase sa ki tande li isit la epi li ka konsève li pi byen.
Zanmi mwen yo!
Sak gen yon depo lakay li, li dwe rann li bay pwopriyetè li.
Tout fòm enterè fin aboli, yo anba pye mwen.
Men, nou dwe remèt kapital dèt nou. Pa fè enjistis, pa kite yo fè enjistis sou nou.
Pa lòd Bondye, pratik enterè entèdi. Tout vye koutim sa yo ki soti nan epòk inyorans yo anba pye mwen. Premye enterè mwen aboli se sa Abbas, pitit gason Abdulmuttalib la.
Zanmi mwen yo!
Tout vanjans san ki te egziste nan epòk inyorans yo fin aboli. Premye vanjans san mwen aboli se sa Rabia, pitit pitit Abdulmuttalib la.
O Moun!
Jodi a, Satan pèdi tout pouvwa ak enfliyans li pou tout tan sou tè sa yo. Men, si nou swiv li nan ti bagay nou konsidere kòm san enpòtans, sa ap fè li kontan. Pou pwoteje relijyon nou, evite sa yo.
O Moun!
Mwen konseye nou pou nou respekte dwa fanm yo epi gen krentif pou Bondye sou sa. Nou resevwa fanm yo kòm yon depo Bondye; nou pran angajman devan Bondye pou respekte onè ak diyite yo. Nou gen dwa sou fanm yo, fanm yo gen dwa sou nou tou. Dwa nou sou fanm yo se pou yo pa kite okenn moun nou pa renmen antre lakay yo. Dwa fanm yo sou nou se pou n asire yo manje ak rad selon koutim.
O Kwayan yo!
Mwen kite de depo pou nou; si nou kenbe yo byen, nou pap janm pèdi chemen nou. Depo sa yo se Liv Bondye a, Koran an, ak tradisyon Pwofèt la.
O Kwayan yo!
Koute pawòl mwen byen epi konsève li! Mizilman se frè mizilman, epi tout mizilman se frè. Pa gen dwa vyole okenn dwa frè relijye nou. Sèlman si li bay li volontèman.
Zanmi mwen yo!
Pa fè enjistis sou tèt nou. Nanm nou gen dwa sou nou tou.
O Moun!
Seyè nou se youn. Papa nou se youn. Nou tout se pitit Adan, epi Adan soti nan tè. Arab pa gen okenn siperyorite sou moun ki pa Arab, moun ki pa Arab pa gen okenn siperyorite sou Arab; moun po wouj pa gen okenn siperyorite sou moun po nwa, ni moun po nwa sou moun po wouj. Siperyorite se sèlman nan krentif pou Bondye. Moun ki pi chè devan Bondye se sila ki gen plis krentif pou li.
O moun!
Granmèt la bay chak moun dwa pa yo. Chak moun responsab pou peche pa yo. Papa pa responsab pou peche pitit li, pitit pa responsab pou peche papa li.
Pran prekosyon! Pa janm fè kat bagay sa yo:
Pa asosye anyen ak Bondye.
Pa touye san rezon okenn moun Bondye deklare sakre ak entèdi.
Pa komèt adiltè.
Pa vòlè.
O moun!
Demen y ap mande nou sou mwen. Kisa n ap di?
Konpayon yo reponn:
"Nou temwaye ou te transmèt mesaj Bondye a; ou te akonpli misyon ou, ou te ban nou konsèy ak avètisman."
Rasoulullah leve dwèt temwayaj li anlè twa fwa
"Temwaye, o Seyè!
Temwaye, o Seyè!
Temwaye, o Seyè!"
Pwòfèt Muhammad, lapè ak benediksyon sou li